Pastor Wilna Pierre, a Chaplain on our team in Haiti, has written a series of short devotions to encourage those who support our ministry. Today’s devotion is about forgiveness and grace found in Jesus Christ.

Devotions were translated by Denise Dent.

“Men Jezi renmen nou e li ban nou padon.”

Jodia se yon privilèj pou nou pase moman sa ansanm nan refleksyon pawòl Bondye. Nan lekti sa nou pral wè ansanm kòman Jezi te libere yon fanm adiltè.

Jan 7:53-8:11

Selon sa nou jwenn nan istwa sa a pandan Jezi tap anseye disip yo anpil bagay. Direktè lalwa yo ak farizyen yo mennen yo fanm ba li. Yo te bare fanm lan nan adiltè; yo te metel kanpe devan foul moun yo, epi yo di Jezi konsa: Mèt yo kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè. Lalwa Moyiz la bay lòd se pou yo tiyel ak kout wòch, men ou menm kisa ou di na sa? Yo te vle pran Jezi nan pèlen pou yo te akizel. Jezi bese atè epi avèk dwèt li li kòmanse ekri men moun yo tap kouvril ak kesyon. Jezi leve atè a li di yo: se pou moun ki konnen li pa janm fè peche a bal premye kout wòch la. Li pran ekri ankò. Lè yo tande pawòl sa yo, yonn apre lòt yal fè wout yo. Sak te pi granmoun yo ale avan. Jezi rete pou kont li ak fanm lan. Li di: “Madanm, kote moun yo? Pèsòn pa kondane ou?” Li reponn, “Non, Mèt”. Jezi di li, “Mwen menm tou, mwen pa kondane ou. Ou mèt ale. Men pa janm peche ankò.”

Jezi te gen kapasite poul te dekouvri chak moun gen yon peche yo bezwen korije. Li pat tolere ni apwouve peche fanm lan.

Si Moyiz te vini ak lalwa pou sanksyone peche epi kris vini ak lagras pou padone peche a epi bay lavi pou tout tan. Pawòl la di tout moun fè peche e yo tout merite lanmò (Women 3:23). Men Jezi renmen nou e li ban nou padon.

“But Jesus loves us and forgives us”

Today, it’s a privilege to spend a moment together in reflection of God’s word. In the story, we will see how Jesus freed an adulterous woman.

John 7:53-8:11

“Everyone went to his own house, but Jesus went to the Mount of Olives. At dawn, he came again into the temple, and all the people came to him. He sat down, and taught them. The scribes and the Pharisees brought a woman taken in adultery. Having set her in the midst, they told him, “Teacher, we found this woman in adultery, in the very act. Now in our law, Moses commanded us to stone such. What then do you say about her?” They said this testing him, that they might have something to accuse him of. But Jesus stooped down, and wrote on the ground with his finger, as if he didn`t hear. But when they continued asking him, he lifted himself up, and said to them, “He who is without sin among you, let him throw the first stone at her.” Again he stooped down, and with his finger wrote on the ground. They, when they heard it, being convicted by their conscience, went out one by one, beginning from the oldest, even to the last. Jesus was left alone with the woman where she was, in the midst. Jesus lifted himself up, and seeing no one but the woman, said to her, “Woman, where are they? Did no one condemn you?” She said, “No one, Lord.” Jesus said, “Neither do I condemn you. Go your way. From now on, sin no more.”

Jesus has the ability to know each person’s sins and to correct them. He neither tolerated nor approved of the woman’s sin.

If Moses came with the Law to sanctify sins then Christ came with grace to pardon them and give us eternal life. The Word says that everyone sins and deserves death (Romans 3:23). But Jesus loves us and forgives us.