Pastor Wilna Pierre, a Chaplain on our team in Haiti, has written a series of short devotions to encourage those who support our ministry. Today’s devotion is about giving and good works.

Devotions were translated by Denise Dent.

“Se pou nou toujou

pote fri oubyen donnen.”

Travay 9:36-43

Nan lavil Jope, te gen yon fanm ki te rele Tabita. (Nan lang Grèk yo te relel Dòkas ki vle di ti Gazèl). Se te yon patizan Jezi li te ye. Li tap ede pòv yo. Li pase tout tan l ap fè byen. Lè sa a, li tonbe malad epi l’ mouri. Yo benyen kò a, yo mete l’ nan chanm anwo kay la. Lavil Jope pa t’ twò lwen ak lavil Lida. Lè disip ki te Jope yo vin konnen Pyè te Lida, yo voye de moun bò kote l’ avèk mesaj sa a: Tanpri, pa mize vin lakay nou.

Pyè pati lamenm avèk yo. Lè l’ rive, yo mennen l’ nan chanm ki te anwo kay la. Tout vèv yo pwoche, yo t’ap kriye. Yo t’ap moutre l’ chemiz ak rad Dòkas te konn fè lè l’ te la avèk yo. Pyè fè tout moun soti. Li mete jenou l’ atè, li lapriyè. Apre sa, li vire bò kot kò a, li di li: Tabita, leve non. Fanm lan louvri je l’, lè l’ wè Pyè, li chita. Pyè lonje men l’ ba li, li fè l’ leve kanpe. Apre sa, Pyè rele disip yo ak vèv yo, li moutre yo Tabita vivan. Yo vin konn sa nan lavil Jope. Anpil moun mete konfyans yo nan Seyè a. Apre sa, Pyè rete lontan nan lavil Jope, lakay yon bòs tayè yo rele Simeyon.

Lè yon moun fè byen, sa pa janm pèdi. Nou wè kòman Dòkas, leve resisite apre lanmò koz byen l te konn fè. Istwa di nou ke vèv yo te vini avèk rad. Li te koud avèk men l. Apòt la al kote Bondye avèk byen sa yo Dòkas leve fè byen toutan n’a rekolte nan yon bon tan.

Byen pap janm pèdi. lè ou bay bay san gad dèyè. Wap rekòlte nan tan ki nesesè. Fè byen toutan ou kapab. Se pou nou toujou pote fri oubyen donnen.

“Let us always bring fruit

and give it to God”

Acts 9:36-43

“Now there was at Joppa a certain disciple named Tabitha, which when translated, means Dorcas. This woman was full of good works and acts of mercy which she did. It happened in those days that she fell sick, and died. When they had washed her, they laid her in an upper chamber. As Lydia was near Joppa, the disciples, hearing that Peter was there, sent two men to him, imploring him not to delay in coming to them.

Peter got up and went with them. When he had come, they brought him into the upper chamber. All the widows stood by him weeping, and showing the coats and garments which Dorcas made while she was with them. Peter put them all out, and kneeled down and prayed. Turning to the body, he said, “Tabitha, get up!” She opened her eyes, and when she saw Peter, she sat up. He gave her his hand, and raised her up. Calling the saints and widows, he presented her alive. It became known throughout all Joppa, and many believed in the Lord. It happened, that he stayed many days in Joppa with one Simon, a tanner.”

When a person does well, it’s never forgotten. We see how Dorcas rose from the dead to do good. The story tells us that the widows came with clothes that Dorcas had sewn herself. The apostle went to God with these possessions. Dorcas was raised to continue to do good. Good works are never forgotten by God.

When you give, give generously. You will reap in time. Do well for as long as you can. Let us always bring fruit and give it to God.